Accessibility links

Breaking News

Ajantin: Yon Nouvo Sondaj Montre Prezidan Peyi a Devan nan Kous Elektoral la


Prezidan ajanten an Cristina Fernandez de Kirchner
Prezidan ajanten an Cristina Fernandez de Kirchner

Sondaj televizyon pibliye montre prezidan ajanten an Cristina Fernandez de Kirchner sou wout pou l ranpòte eleksyon primè yo ki kòmanse dimanch 14 out 2011 la.

Sondaj la bay prezidan sòtan an 45% entansyon vòt yo – yon rezilta ki pi elve konpare ak kandida ki fini 2èm nan sondaj yo. Rezilta final yo kapab pibliye lendi 15 out la.

Eleksyon primè yè dimanch la se premye eleksyon kote tout pati politik kapab prezante yon kandida pou elektè yo vote. Analis politik yo fè konnen eleksyon primè a reprezante plis yon sondaj nasyonal olye de yon eleksyon.

Eleksyon jeneral yo fikse pou dat 23 Oktòb pwochen. Analis yo fè konnen gen posibilite pou opozisyon an fè fas ak difikilte pou l jwen yon kandida inik pou mete anfas Prezidan Fernandez ki ranplase mari l sou pouvwa a depi 2007.

XS
SM
MD
LG