Accessibility links

Breaking News

Ajantin: Kous Elektoral Pou Pòs Gouvènè Pwovens Santa Fe a


Prezidan Ajentin nan, Cristina Fernandez
Prezidan Ajentin nan, Cristina Fernandez

Prezidan Ajentin nan, Cristina Fernandez, sibi yon echèk elektoral lè kandida li t ap apiye a fini an 3 zyèm pozisyon nan kous pou gouvènè pwovens Santa Fe a.

Pati sosyalis Ajentin nan sanble l pare pou l kenbe plas gouvènè a. Santa Fe se yon sant agrikòl e politikman ki anba politik kan sosyalis peyi a.

Sondaj nasyonal yo endike Prezidan Fernandez te gen yon gwo avans sou rival li yo, 3 mwa anvan eleksyon jeneral yo.

Advèsè li yo espere rezilta chich sa a pati li jwenn nan eleksyon pwovensyal yo pral kreye yon re-eleksyon pi sere pase sa yo te prevwa a.

Premye tou eleksyon jeneral Ajentin yo gen pou dewoule nan dat 23 oktòb k ap vin la a.

XS
SM
MD
LG