Accessibility links

Breaking News

Ajantin: 3 Jou Dèy Nasyonal Nan Memwa Ansyen Prezidan Nestor Kirchner

Ajantin: 3 Jou Dèy Nasyonal Nan Memwa Ansyen Prezidan Nestor Kirchner
Ajantin: 3 Jou Dèy Nasyonal Nan Memwa Ansyen Prezidan Nestor Kirchner

Ann Ajantin , Prezidan Cristina Fernandez de Kirchner patisipe nan veye piblii yo òganize pou mari l , ansyen Prezidan Nestor Kirchner ki mouri sibitman mèkredi 27 oktòb 2010 la ak yon arè kadyak .

Nan premye aparisyon piblik li depi lanmò mari l la , Prezidan Kirchner ki te pote yon linèt nwa e ki te gen avè l 2 pitit li yo te rive jedi 28 opktòb la nan palè prezidansyèl la nan Buenozèr kote yo te ekspoze kadav defen prezidan an .

Prezidan Kirchner ki te sanble nan yon gwo lapènn te mete men l sou sèkèy la pandan ke pitit fi l t ap konsole l.


Devan palè a menm , te gen plizyè milye moun ki te kontinye rasanble nan lari kapital , e anpil ladan yo te rete nan liy pou yo te ran yon dènye omaj bay ansyen Prezidan Kirchner .

Prezidan peyi Bolivi , Ekwatè, Chili ak Urugwe twouve yo tou nan Buenozèr pou ran tou yon dènye omaj bay ansyen lidè a .

Pèp la k ap kriye pou lanmò ansyen prezidan an te ki te postè, flè, lèt, drapo ak lòt souvni ankò sou mi plas ki toupre palè a .

Antèman an ap dewoule nan finisman semèn nan nan Rio Gallegos , rejyon natal li. Responsab yo dekrete 3 jou dèy nasyonal .

Plizyè lidè mondyal voye kondoleyans yo bay Ajantin ak madanm Kirchner , pami yo Prezidan Ameriken an Barack Obama, Sekretè Jeneral Nasyonzini an Ban Ki Moon, Pap Benwa 16 ak prezidan venezuelyen an Hugo Chavez.

This item is part of
XS
SM
MD
LG