Accessibility links

Breaking News

Afrik Di Sid: Yon Elèv Blan PiPi sou Òdinatè ak Liv yon Kondisip Nwa li


Des étudiants manifestent à l'université Stellenbosch, à Stellenbosch, Afrique du Sud, 1er septembre 2015. (Archives).REUTERS/Mike Hutchings
Des étudiants manifestent à l'université Stellenbosch, à Stellenbosch, Afrique du Sud, 1er septembre 2015. (Archives).REUTERS/Mike Hutchings

Videyo yon etidyan blan k ap pipi sou òdinatè ak liv yon kamarad klas li ki nwa : tap sikile sou enténet la Lendi, e videyo sa te pwovoke kòlè anpil moun nan peyi Afrik di Sid.

Afrik di Sid ap fé fas souvan ak eskandal rasis depi plis pase 30 ane apre yo te mete yon fen nan sistem apartheid la. Zak sila te fét nan Inivèsite Stellenbosch ki se youn nan inivésite ki pi prestijye, nan rejyon Cape la.

Otorite yo nan inivésite a te aanonse ke yo te imedyatman sispann etidyan blan sa a ki nan premye ane li nan lekol la. Nan videyo ki te pibliye toupatou sou enténet la nou kapab wé etidyan blan sa ki tap pipi sou liv ak òdinaté etidyan nwa a. Nou te tande yon elèv ki ta filme sén sila avek telephòn mobil li mande l "poukisa w ap pipi nan chanm mwen an?", etidyan blan an te reponn li map ret tann on moun, e li kontinye pipi sou materyèl lekòl kondisip li.

Inivèsite a soti yon nòt ki deklare ke yo "kondane ak tout fòs yo ensidan sa a ki destriktif, rasis," ki pase nan lekòl la.

Wim de Villiers ki se vis-prezidan inivésite a te reyaji li te deklare ke "Nou sezi de kalite konpòtman elév sa " , "Okenn elèv pa gen dwa pou l andomaje diyite oswa dwa yon lòt elèv konsa".

XS
SM
MD
LG