Accessibility links

Breaking News

Afganistan: Lanmò 70 Militan Taliban


Polizye Afgan k ap chèche militan taliban (AP Photo/Hoshang Hashimi)
Polizye Afgan k ap chèche militan taliban (AP Photo/Hoshang Hashimi)

Otorite yo nan Afganistan fè konnen sòlda L’OTAN ak Afganistan yo touye omwen 70 militan Taliban ki te lanse yon atak sou yon baz tou prè fwontyè Pakistan an.

Yon Pòtpawol pou gouvènè pwovens Paktika, Mukhlis Afgan di fòs konbine a te repouse atak la byen ta madi 8 novanm 2011 la nan komin Barmal.

Alyans Atlantik Nò a konfime yon gran gwoup rebèl ki te gen revolvè ak wokèt te atake baz la. Sòlda yo te mande sipò ayeryen kowalisyon an pou ede yo konbat militan yo.

XS
SM
MD
LG