Accessibility links

Breaking News

Atak Teworis nan Afganistan. Bilan: 11 Sòlda Mouri, 16 Lòt Blese


Sòlda lame nasyonal la nan Afganistan ki t ap fè pòs nan antre Akademi Militè Marshal Fahim, lendi 29 janvye 2018 la aprè atak teworis la.
Sòlda lame nasyonal la nan Afganistan ki t ap fè pòs nan antre Akademi Militè Marshal Fahim, lendi 29 janvye 2018 la aprè atak teworis la.
11 manm fòzame peyi Afganistan pèdi lavi yo tandiske 16 lòt blese nan yon atak ki fèt byen bonè lendi maten sou yon akademi militè nan kapital la, Kaboul.
Daprè yon pòtpawòl Ministè Defans la, se 5 atakan-suisid ki poze zak sa yo. 2 premye nan atakan sa yo te fè yon levit eksplozif sote sou yo pandan yo te nan antre akademi an, tandiske 3 lòt yo te eseye antre nan building nan. Fòs sekirite yo touye 2 nan kamikaz yo e yo arete yon lòt ki te gen levit eksplozif sou li. Yon temwen, ki tap pale nan lang Farsi, fè konnen:
"Batay la te fewòs anpil pandan premye èdtan an; se tout kote ou te ka wè ajan lapolis ak sekouris anbilans. Sepandan, pandan 2èm èdtan an nou te ka tande sou eksplozyon chak 10 a 15 minit."
Gwoup Eta Islamik la deja pran responsablite pou atak la atravè ajans nouvèl li a Amaq.
XS
SM
MD
LG