Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Ensekirite: Kidnapè Anlve 4 Manm Yon Gwoup Mizikal Advantis


Ayiti : Yon peyi k a boule e k ap antre chak jou plis nan fènwa ensekirite.
Ayiti : Yon peyi k a boule e k ap antre chak jou plis nan fènwa ensekirite.

Kipnapè k ap opere an tout libète ann Ayiti frape wo e fò nan sektè relijye a, pi presizeman nan milye pwotestan an, nan fen jounen jedi premye avril 2021 an. Nan Bizoton, sou wout Kafou a, nèg ame antre nan lokal Gospel Kreyòl Ministry, yon branch mizikal Legliz Advantis di 7èm Jou, epi yo kidnape 4 nan moun ki te reyini pou repetisyon gwoup la. Doktè Grégaire Figaro, ki se youn nan responsab gwoup la, bay detay sou sa ki pase a:

“Le premye avril 2021 an, a 9 vè di swa an plen sèvis, 3 moun antre nan sal la avèk zam nan men e yo anlve 4 nan moun ki te nan Gospel Kreyòl Ministry... Se Pastè Audalus Estimé, Welmyr Jean-Pierre, yon pyanis byen koni, Francisco Dérival, kameraman nou, avèk Steven Jérôme, ki se enjenyè son nou. Se yon bagay ki trè regretab. Nou ta renmen lanse yon modòd bay tout moun pou yo rejwenn nou nan lapriyè, paske se travay Bondye n t ap fè. E pou ravisè yo, si yo ka wè video sa a, nou priye yo an gras pou yo libere manm Gospel Kreyòl Ministry sa yo pou nou. Sa t ap fè nou plezi anpil.”

Nan moman nou t ap difize apèl Doktè Grégaire Figaro a nan pwogram radyo sou televizyon 4:00-4:30PM vandredi 2 avril 2021 an, nou pa t resevwa okenn nouvèl sou sò viktim kidnaping sa a.

XS
SM
MD
LG