Accessibility links

Breaking News

Pandemi Kowonaviris la Chanje Woutin Aktivite yo nan Administrasyon Piblik la Ozetazini


Manm Kongre ameriken an, san bliye Prezidan Chanm Depite a, Nancy Pelosi (2èm, an blan) oblije mete mask nan figi yo pou yo pwoteje tèt yo kont kowonaviris la.
Manm Kongre ameriken an, san bliye Prezidan Chanm Depite a, Nancy Pelosi (2èm, an blan) oblije mete mask nan figi yo pou yo pwoteje tèt yo kont kowonaviris la.

Nan Washington palmantè ameriken yo poko rive antann yo sou fason pou yo kontinye jere dosye pandemi kowonaviris la. Manm Chanm Bas la, ki t ap aji dapre konsèy doktè Kongrè a ba yo, anonse nan semèn sa a depite yo pral kontinye travay a distans toujou, tandiske senatè yo pral retounen an sesyon nan kapital federal la apatide lendi 4 me a. Se dènye manifestasyon an dat kèk chanjman ki fèt nan fason biwo leta ameriken yo ap mennen operasyon chak jou yo, kote woutin aktivite gouvènmantal yo deranje, e byen souvan enstitisyon ki te toujou suiv yon modèl tradisyonèl pou yo fè travay yo, repoze kounyela sou teknoloji pou yo opere a distans.

Nan moman manm Chanm Depite a rive sou 6èm semèn kote y ap respekte konsiyn pou yo rete lakay yo, yo fèk kòmanse ap adapte yo avèk nouvo woutin sa a kote, pa egzanp, y ap bay konferans pou laprès e menm patisipe a distans nan seyans komisyon ki dwe relanse travay sipèvisyon Pouvwa Lejistatif la ak fonksyon palmantè yo kòm moun ki la pou fè lwa. Sepandan jiskaprezan lidè tou le 2 pati yo nan Chanm Bas la ap fè negosyasyon toujou sou kesyon pou konnen èske depite yo pral kapab vote a distans tou.

Youn nan egzanp ki ka montre chanjman pandemi kowonaviris la pote nan fason gouvènman federal la opere, se pwendeprès La Mezon Blanch òganize chak jou sou fason administrasyon Trump la ap jere dosye a; sa ki fè palè nasyonal Lèzetazini an ki, pafwa, konn rete lontan nan yon silans pwolonje, genyen ladan l kounyela a aktivite li pa t genyen anvan eklatman pandemi an

XS
SM
MD
LG