Accessibility links

Breaking News

Administrasyon Obama a Dispoze Patisipe nan Pwofesyonalizasyon Polis Nasyonal d Ayiti a


Sekretè Deta Adjwen Ameriken pou Afè Entènasyonal ak kesyon ki gen rapò ak dwòg epi aplikasyon lalwa, William R. Brownfield, ki t ap vizite Ayiti jedi premye desanm 2011 la, fè konnen Administrasyon Obama a ap apiye Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) pou l vin pi pwofesyonèl.

Misye Brownfield fè deklarasyon sa a nan yon rankont ak laprès li dewoule an prezans chèf PNH la, Mario Andrésol.

XS
SM
MD
LG