Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Abitan Nan LaGonav Met Ansanm Pou Bati Yon Kominote Pi Djanm


Nan lane 2006, LaGonav te wè nesans APDAG, yon òganizasyon peyizan nan GranSous ki vle ede e patisipe nan devlopman zile a. APDAG, (Asosyasyon Peyizan pou Devlopman ak Avansman GranSous) te demare kòm yon komite moun nan zòn nan ki te konn rankontre pou yo ka wè ki fason yo ka ede amelyore sitiyasyon konpatriyòt k ap viv nan zòn nan.

Rankont sa yo te debouche sou reyinyon plizyè manm kominote a ki vinn fòme 3 komite pou etidye pwoblèm sanitasyon, pwoblèm fanm yo epi vini ak plan pou netwaye e pwòpte zòn nan. 3 komite sa yo se GPDN, GFDAG ak Cheche Lavi fòme jounen jodi a òganizasyon APDAG.

Akòz mank travay ak lekòl nan LaGonav, manm kominote bay òganizasyon an tan yo pou yo chèche mwayen bay zòn nan pwòp resous pa l pou l ka sipòte tèt li. Gras ak èd yon òganization ki baze Ozetazini, Roots Of Development, APDAG jwenn mwayen pou l trete sous dlo GranSous la, bati 16 kay nan kominote a, mete twalèt pou kominote Nanplim e bay viktim tramblemanntè ane pase a manje lè yo te vinn cheche refij sou zile a.

Malgre akonplisman sa yo, pi gwo pwoblem APDAG se pwoblem lajan pou yo kontinye reyalize pwojè tankou sa yo pou avansman rejyon an, daprè Johnny ki se youn nan manm fondatè APDAG: “nou gen volonte pou n fè travay la men se kòb nou pa genyen e si se pat gras ak Roots, anpil nan pwojè nou reyalize jounen jodi a nou pa tap kapab reyalize yo.”

Pou Johnny, travay y ap eseye fè a se pa yon travay ki fasil, men vizyon li pou simaye plis konezans posib bay moun nan zile a e devlope zòn nan se pi gwo pryorite l. 5 an apre, APDAG kontinye ap travay pou reyalize lòt pwojè, e, malgre tout difikilte ki kanpe sou wout yo, tout moun mete tèt yo ansanm pou travay anfavè kominote a.

XS
SM
MD
LG