Accessibility links

Breaking News

Somè Amerik Yo: Yon Okazyon Ideyal


Senkyèm Somè Amerik yo, kap demare 17 avril 2009 la nan Trinidad ak Tobago, se pral yon okazyon pou peyi ki pataje kontinan ameriken an amelyore e ranfòse relasyon yo, dapre Roy Chaderton, anbasadè Venezuela bò kote Oganizasyon Eta Ameriken-yo (OEA) nan Washington, DC. Mesye Chaderton di.

"Somè sa a, ofri opòtinite pou prezidan Lèzetazini an, Barack Obama, ak lòt Chèf Deta ki sòti nan pwent sid kontinan ameriken an devlope nouvo relasyon. Diplomat venezuelyen an deklare : “menm jan, gen katran de sa, Venezuela te ede nan disparisyon Akò Komès Lib Amerik yo (ACLA) fwa sa a, Venezuela pral pouse pou peyi sou kontinan an tabli nouvo tip relasyon”.

Anbasadè Roy Chaderton fè remake pozisyon peyi ki pral patisipe nan reinyon an pran pral enpòtan anpil, sitou pou sa ki konsène atitid Lèzetazini pral adopte vizavi peyi latino-ameriken yo.

“Si Obama pa tonbe pale san reflechi sou tèm ke’l pa metrize, e deside pito familyarize ‘l avèk yo, enben nou ka espere ak optimis devlopman relasyon’l avèk kòlèg li yo nan Amerik Latin nan e nan Karayib la”. Mesye Chaderton ajoute “pozisyon Lèzetazini pral pran vizavi Kiba ak anbago a pral trè’z enpòtan tou.

Selon diplomat venezuelyen an, anbago politik e ekonomik kap peze sou Kiba a, se pral youn nan kesyon kap sou ajenda Somè a, men li ajoute lidè kiben an, Raul Castro, genyen konesans, eksperyans ak ase entelijans pou’l pa soulve yo.

Li tan pou kultur demonizasyon a -- ki pwodui eksklizyon -- sispann. Roy Chaderton di pou fini: Lè yon moun fòme nan yon kilti ki bezwen sipè-ewo ak sipè-vilen pou’l ekziste, enben , nan la pratik sa debouche sou diminisyon tout moun li konsidere kòm enferyè, fèb ou kòm ajitatè, elatriye … e se sa ki responsab pifò zak vyolans entènasyonal yo.

XS
SM
MD
LG