Accessibility links

Breaking News

Aktualité Spotif


Manchester United/ Amand
Responsab klub football angle Manchester United entèdi footballè Joey Barton pou-l pa jwe pandan 4 semen akoz li te touye yon sigarèt nan je Jamie Tandy nan okazyon yon fèt yo tap fè pou fen ane a. Entèdiksyon an ap koute Barton 116 mil dola.

Olempik / Chin
Palmantè ameriken Thomas Tancredo mete nonn sou lis pwotestatè kont politik gouvènman chinwa a ap pratike kont refujye Nò Koreyen yo. Palmantè di li pral soumèt yon pwojè lwa nan Kongrè ameriken an kap mande Komite Olempik Entènasyonal la retire nan men la Chin dwa pou-l öganize je zolempik dete 2 mil 8 yo. Palmantè Kolorado a di komite Olempik Entènasyonal-la dwe entèdi la chin öganize konpetisyon-an a mwens ke li sispann pèsekusyon vyolan yap fèt kont refujye No Koreyen yo, libere travayè umanitè ki fèmen nan prizon peyi a epi mete fen nan politik kontwöl nesans ki fòse avòtman ak sterilizasyon.

Je zolempik yo en 2 mil 14
Kore du Sud seleksyone vil Pyongchang kòm vil kandida pou òganize je zolempik divè yo an 2 mil 14. Pyoengchang ap fè yon 2 zièm tantativ apre li te echwé devan Vancouver, Kanada nan je zolempik divè yo an lan 2 mil 10. Komite Olempik entènasyonal-la ap seleksyon vil öganizatè-a an lan 2 mil 7.

Atletik / Suspansyon
Federasyon Atletik Entènasyonal la suspann kourè Grèk Kostas Kenteris ak Katerina Thanou de tout aktivite entènasyonal apre yo pat prezante pou yon tès depistaj dròg pandan dewoulman je zolempik Atèn 2 mil 4 yo. REsponsab yo pa fikse oken dat pou pran yon desizyon definitif. Antrenè-a Christos Tzekos ap purje yon suspansyon tou.

O’Neal /NBA
Jermaine O’Neal kap jwe nan Endyana Pacers e ki te patisipe nan deblozay pandan match Detroit/ Indina a jwen sanksyon 25 match la redui a 15. Pè n Ron Artest ak Stephen Jackson pa chanje.

XS
SM
MD
LG