Accessibility links

Breaking News

Eleksyon Kredib Pa Posib 7 Fevriye Dapre Yon Manm KEP a


Nan peyi d Ayiti aktyalite a jodi 11 janvye 2006 la, tou dabò se Pè Gérard Jn-Juste ki al' lopital. Pè sa ta gen gwo doulè e li ta menm soufri ak maladi kansè nan san, dapre kèk deklarasyon.

Pandansetan, Konseye Elektoral Patrick Féquière deklare eleksyon kredib pap posib nan dat 7 fevriye a. Li kritike kominote entènasyonal la (l'ONU ak OEA) ki fè presyon sou Ayiti pou eleksyon yo pa dewoule pi ta ke 7 fevriye.

Lòt pwen nan aktyalite a, se anbasadè Brezil la ann Ayiti ki rejte kritik sèten moun ap fè sou MINUSTAH nan dosye ensekirite a.

Epi, gen sosyete sivil la nan Gonayiv ki kouri dèyè Chèf sivil MINUSTAH a, Juan Gabriel Valdes, pou remak dezoblijan li fè sou media ayisyen yo.

Fè klik sou ralonk anlè foto a pou w'tande Rotchild François, Jr ak Jn-Pierre Leroy depi kapital la, e Duc Jonathan Joseph depi vil Gonayiv.

XS
SM
MD
LG