Accessibility links

Breaking News

Boston Cetics Bezwen yon Viktwa pou Tit NBA a


Basketball

Boston Celtics bezwen yon viktwa ankò pou l ranpòte tit chanpyona nasyonal NBA a apre viktwa supriz yo ranpòte yè swa devan lakay Los Anjeles Lakers 97 a 91 e mete seri a 3 a viktwa 1 defèt. Celtics yo remonte yon defisi 24 pwen pou ranpòte la viktwa aloske fanatik Lakers yo tap pare pou selebre la viktwa. 2 ekip yo ap rankontre Dimanch pou 5 kièm rankont la e si nesesè 2 pwochen match yo pral jwe lakay Boston Celtics.

Football / Eropeyen

Balon woule jodi nan group C koup dEròp dè Nasyon kote Woumani fè match nul 1 a 1 ak Itali. La Frans ap rankontre la Oland. Yè Jedi a yon penalite pandan arè de je yo pèmèt Otrich rache yon match nul nan men La Polòy 1 a 1 malgre chans pou Otrichyen yo pase nan kar de final la mens anpil. Avan sa Kwasi suprann Almay ak yon viktwa 2 a 1 pou l pase nan kar de final la. Polòy, Otrich, ak Almay toujou gen chans pou yo kalifye pou kar de final la.

Football/ Etazuni

Isit Ozetazuni New England Revolution tronse Houston Dinamo 2 a 0.

Sport/ CONCACAF

Balon pral woule nan zòn KONKAKAF la weekend sa a lè Ayiti ap akeyi Antiy Neerlandèz epi Etazuni ap akeyi Bermud san bliye plizyè lòt rankont. Chanpyona Karayib judo ap dewoule nan Pòtoprens Dimanch epi nan Santo Domingo gen je Sant Amerik ak Karayib kap fini jodi a.

Tennis/ Londr

Chanpyon Roland Garos la espayòl Rafael Nadal ranpòte rankont kar de final li tap jwe kont Kwat Ivo Karlovic anba anpil difikilte 6-7, 7-6, 7-6. Britanik Andy Murray abandone match kar de final la akoz yon zòbòy nan dwèt-retrè ki pèmèt ameriken Andy Roddick kalifye pou semi fnal la. Bagay la te fasil pou Sèb Novak Djokovic ki wouze Ostralyen Lleyton Hewitt 6-2, 6-2.

Tennis/ Almay

Swis Roger Federer kale Chipriyòt Marcos Baghdatis 6-4, 6-4 pou l pase nan semi final tounwa tenis Gerry Weber la an Almay. Federer ap rankontre alman Nicolas Kiefer demen Samdi a. Alman an kalifye apre franse Michael Llodra abandone rankont la akoz yon pwoblèm nan bra pandan 2 zièm manch la. Almay Philip Kholschreiber kalifye pou semi final la gras ak yon swif 2 manch li pase Swedwa Robin Soderling.

Basketball/ Olenpik

Baskèt o feminen : Espay kalifye pou jeu zolempik Peken yo. Espay kale Kuba 82 a 68 jodi vandredi-a nan kar de final tounwa olempik sa-a nan vil Madrid. Gen 3 lòt kar de final ki gen pou dewoule : Republik Tchèk kont Japon ; Letoni kont Angola e Brezil kont Belarus. Semifinalis-yo kalifye pou Peken.

XS
SM
MD
LG