Accessibility links

Breaking News

Ansyen Prezidan Ameriken Bill Clinton Entene Lopital


Ansyen Prezidan Ameriken Bill Clinton entene nan yon lopital nan Nouyok siti apre li te gen doule nan pwatrinn.

Yon deklarasyon pot pawol li Douglas Band fe konnen Prezidan Clinton ale lopital apre li te endispoze ak doule nan rejyon ke li.

Pot pawol la di Misye CLinton te subi yon operasyon kote yo mete 2 "androprotez vakuler" (savledi 2 tub) nan youn nan arter li yo. Pot pawol la ajoute eta d'espri prezidan an tre pozitif.

Ansyen prezidan Clinton te subi yon gwo operasyon ke nan ane 2004.

Sa pa gen lontan, Misye Clinton te vwayaje Anayiti pou pote pwovizyon bay sinistre yo apre tranbleman'd te a, epitou pou rankontre ak lide Ayisyen yo, epi anplwaye Nasyonzuni.

Li te fe 2 manda kom prezidan Etazuni ant 1992 ak 2000.

XS
SM
MD
LG