Accessibility links

Breaking News

Premye-Minis Latortue Jwenn Garanti Nan Men L'ONU Pou MINUSTAH Aji Kont Bandi Ame yo Anvan Lontan - 2004-12-09


Gouvènman ayisyen an di responsab Nasyonzini yo fè l' konnen yo pral kòmanse patisipe nan efò pou konbat ensekirite nan peyi d Ayiti, yon fwa tout kantite solda ki dwe fè pati misyon an rive sou plas disi mitan mwa Desanm nan, dapre korespondan nou Jn-Pierre Leroy ki nan Miami pou yon konferans ekonomik sou Amerik Latin ak Karayib la.

Lòt pwen nan aktyalite a se mouvman ki sou pye pou konbat koripsyon nan aparèy leta ayisyen an epi mete men sou plizyè milyon dola vèt ki sanble te fè wout kwochi sou rejim Aristide la. Jn-Ernst Eliscar gen deklarasyon yon lidè ayisyen sou dosye sila a.

Epi nan vil Okap, yon pòt-pawòl lame demobilize a mande gouvènman Gérard Latortue a jwenn yon fason pou foure manm kò a nan aparèy sekirite peyi a, pou ede konbat vyolans la. Sinon, dapre responsab la, ansyen militè yo ap oblije antre nan politik e soutni yon pati nan pwochen eleksyon yo, sa ki pa kadre ak manman-lwa peyi a. Yvan Martin Jasmin gen detay nouvèl sa a.

Ou kapab tande tout repòtaj yo an detay si ou fè klik sou lyen ki nan tèt paj sa a.

XS
SM
MD
LG