Accessibility links

Breaking News

Reprezantan Sekretè Jeneral LONU ann ann Ayiti Di MINUSTAH Pral Fè Plis Efò Pou Konbat Vyolans la - 2004-12-08


Sivil ki nan tèt Misyon nasyon Zini pou Stabilizasyon Ayiti a, MINUSTAH, deklare troup LONU yo genyen pou yo fè patrouy nan katye kote k abitye gen zak vyolans yo nan Pòtoprens, nan kad efò yap fè pou mete fen nan ensekirite a nan peyi a. Korespondan nou Rotchild F. Junior ap pote plis detay sou nouvèl sila a.

Yon lòt kote, otorite imigrasyoN Etazini yo arete Buter Métayer, yon militan ayisyen ki te ede lanse rebelyon ki te debouche sou demisyon ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide la. Buter Métayer, ki se frè defen lidè gang Amiot Métayer nan Gonayiv, jwenn arestasyon l pandan l te rive nan ayeropò Miami an nan eta Florid. Korespondan nou Yves Mompremier ap vinn ak detay.

Klike sou lyen anlè a pou w tande repòtaj korespondan nou yo sou aktyalite a.

XS
SM
MD
LG