Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Aktyalite: Grèv Nan Ladwann, Militè Demobilize yo Remèt Otorite yo Yon Chajman Dwòg Yo Te Sezi Nan Plato Santral la - 2004-12-07


Men prensipal repòtaj ki soti Ayiti nan maten madi 7 desanm nan:

--Otorite ayisyen yo di, daprè yo, yon grèv anplwaye ladwann yo ap fè pou mande ogmantasyon nan lajan y'ap touche, avèk pi bon kondisyon travay, se yon grèv ilegal. Men grevis yo pa dakò ak pozisyon sa a. Korespondan nou Renan Toussaint ap swiv dosye sa a pou nou.

--Militè demobilize yo, ke gouvènman an pa rekonèt ofisyèlman, remèt bay lajistis ak responsab MINUSTAH yo plizyè dizèn pakè marijuana yo te sezi nan yon kamyon nan Plato Santral la. Korespondan nou Jean Christophe Collègue gen detay depi vil Mirebalais.

--Lidè ki soti nan Amerik Latin nan ak Karayib la reyini nan Miami pou yon konferans ki fèt chak ane, kote y'ap brase lide sou pwoblèm rejyon an, sitou nan domèn komès ak endistri. Korespondan nou Jean-Pierre Leroy fè deplasman an pou nou.

Pou ou ka tande tout repòtaj sa yo [ke Lyonel Desmarattes ak Marie-Luce Pierre prezante], nèk fè klik sou lyen ki anwo tèk sa a.

XS
SM
MD
LG