Accessibility links

Breaking News

Etazini: Prezidan Bush ak Rival Demokrat li a, John Kerry, Boukante Atak nan Kanpay pou Lamezon Blanch la - 2004-10-29


Isit o Zetazuni: Prezidan Bush ak rival demokrat li a, John Kerry, yo youn lanse kèk atak tou nèf sou lòt Jedi a, pandan yo t’ap mennen kanpay nan sant-wès peyi a.

Pandan misye Bush te nan eta Michigan, li fè konnen advèsè li a pa genyen ase konviksyon e li genyen yon dosye ki “chaje feblès” sou kesyon ki gen rapò ak sekirite nasyonal Lèzetazini.

Bò kote pa l, senatè Kerry-- ki t’ap mennen kanpay nan eta Ohio --, pale pou l di prezidan Bush se yon moun ki pa vle pran responsablite pou erè li komèt yo. Li site, pa egzanp, sa li rele “eksplikasyon rapid e depaman” misye Bush bay pou yon afè de 350 tòn metrik eksplozif ki disparèt nan peyi Irak.

Eksplozif ki disparèt la tounen yon gwo pwoblèm nan kanpay prezidanyèl la, kèk jou sèlman anvan eleksyon yo dewoule. Misye Kerry pale pou l di moun ta ka sèvi ak eksplozif sa a pou yo atake twoup militè Lèzetazini yo.

Misye Bush ak otorite La Mezon Blanch yo fè konnen zam sa yo ka te disparèt byen anvan lame amerikèn nan te anvayi Irak.

XS
SM
MD
LG