Patizan ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide lanse yon grèv 3 jou pou yo pwoteste kont sa yo konsidere kom yon operasyon sere boulon gouvènman pwovizwa a ap mennen kont yo. Korespondan nou Rotchild François, Junior, ki te an dirèk avèk nou depi Pòtoprens nan jounal mitan jounen an [12:30 ann Ayiti] di nou grèv la pa pran ditou. Pandansetan, otorite yo, ak apui Nasyonzini, kontinye ap fè efò pou mentni kalm nan kapital la, Pòtoprens.
Lòt pwen k'ap domine aktyalite a ann Ayiti:
Okay difon: Otorite nan Sid peyi a arete 2 moun yo akize ki ta gen pou wè zak briganday kap sakaje kapital la depi 30 Septanb pase-a. Korespondan nou Jean Ernst Eliscar di nou lapolis kontinye ap chache plis sispèk toujou.
Okap Ayisyen: Chofè transpò piblik nan nò peyi d Ayiti mande responsab yo bese pri gazolin nan. Yon korespondans Yvan Martin Jasmin.
Gonayiv: Site Endepandans la byen kontan tande konpatriyòt nan eta New Jersey [Etazini] voye bay viktim inondasyon yo yon asistans plizyè santèn milye dola sou fòm medikaman ak pwodui premye nesesite, dapre yon korespondans Duc Jonathan Joseph.
Si ou ta renmen tande 4 repòtaj sa yo, klike sou lyen ki anlè tèks sa a.