Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Otorite yo Fè yon Pase Men nan Kabinè a - 2004-10-22


Gouvènman ayisyen an -- ki gen nan tèt li prezidan Boniface Alexandre ak premye minis Gérard Latortue -- fè yon pase men nan kabinè a, nan moman patizan Pati Fanmi Lavalas yo ap mande retou fizik prezidan ann egzil la, Jean Bertrand Aristide nan peyi a. Korespondan nou Rotchild François Junior gen detay.

Yon responsab nan gouvènman ayisyen an chante lwanj polis nasyonal la pou fason fòs la ap fè fas ak moun kap fè dezòd nan peyi a e ki prezante tèt yo kòm patizan lidè ann ekzil la, Jean-Bertrand Aristide. Korespondan nou Renan Toussaint di nou yon manm kabinè ministeryèl la fè deklarasyon sa a nan moman patizan ansyen pouvwa a denonse operasyon sere-boulon gouvènman an ap men-nen kont manm Pati Fanmi Lavalas la.

Òganizasyon kap defann dwa moun yo ann Ayiti publiye yon rapò sou zak vyolans kap dewoule nan vil Gonayiv yo, dapre yon korespondans Duc Jonathan Joseph.

Yon òganizasyon fanm ann Ayiti mande responsab yo pou fè plis efò pou konbat zak vyolans yo nan peyi a. Korespondan nou nan vil Kapayisyen, Yvan Martin Jasmin, di nou demand sa a fèt nan moman gouvènman an ak Pati Fanmi Lavalas la rann lòt la responsab zak vyolans yo.

Responsab yon òganizasyon entènasyonal sòt met’ sou pye yon rankont nan rejyon Sid peyi dAyiti, kote yo montre patisipan yo fason yo kapab jwenn yon antant sou yon litij san yo pa ale nan tribunal. Korespondan nou Jean-Ernst Eliscar gen detay yo depi vil Okay.

Klike sou lyen anlè a pou w tande repòtaj korespondan nou yo sou nouvèl k'ap fè aktyalite a ann Ayiti ak nouvèl sou rejyon Amerik latinn nan pou jounen vandredi 22 oktòb 2004 la.

XS
SM
MD
LG