Accessibility links

Breaking News

Pòtoprens: Konsèy Elektoral la ap fè Efò pou Demare Prosesis Elektoral la - 2004-10-20


Responsab Konsèy Elektoral Pwovizwa a pran angajman pou eleksyon dewoule nan peyi a san pati pri dapre korespondan nou Rotchild François Junior.

2 moun mouri e plizyè lòt blése lè grandon te antre an posesyon tè ansyen gouvènman an te distribye bay peyizan yo nan mitan ane 90 yo nan lArtibonit kote nou gen korespondan nou Duc Jonathan Joseph.

Oganizasyon dwazimen yo nan vil Sen Mak mande otorite la jistis yo pou yo fè jijman moun ki ta mele nan masak ki te dewoule nan kòmansman mwa Fevriye a nan Sen-Mark olye de nan Pòtoprens, dapre yon korespondans Galilee Perilus.

Nouvèl ki sòti nan nò peyi dAyiti fè konnen peyizan nan yon lokalite touye 3 enkonu yo akize kòm moun ki tap piye abitan nan zòn nan, dapre yon korespondans Yvan Martin Jasmin depi vil Kapayisyen.

Klike sou lyen anlè a pou w tande nouvèl Ayiti pou mèkredi 20 oktòb 2004 la.

XS
SM
MD
LG