Accessibility links

Breaking News

Men yon Editoryal ki Bay Opinyon Etazini sou Vyolans la Ann Ayiti: Gang Arme ki Anfavè Ansyen Prezidan Jean-Bertrand Aristide ap Chèche Destabilize Gouvènman Pwovizwa Ayiti a - 2004-10-20


Atak yo entèvni apre yon tanpèt twopikal te frape Ayiti nan mwa septanm pase a, kote plis pase 3 mil moun te pèdi lavi yo. Pifò dega yo te fèt nan vil Gonaives, kote inondasyon lakoz plis pse 200 mil moun pa genyen kay pou yo rete.

Nan yon kominike depatman deta ameriken an pibliye, li fè konnen Sak rann kanpay vyolans patizan Aristide yo pi enpadonab, sèke yo lanse kanpay sa a nan moman pèp ayisyen an anba soufrans toujou.

Pòtpawòl depatman deta a, Richard Boucher, pale pou’l di: bandi yo asasinen polisye, piye magazen ak enstalasyon piblik, e yo kòmanse teworize populasyon sivil la.

Pòtpawòl depatman deta a di:“Nan dat 11 oktb̀ pase, bandi ame ki asosye ak gwoup sa yo touye 3 moun nan atak ak zye fèmen, e genyen nouvèl ki rapòte ke yon paran pèdi lavi’l anba kout zam pandan li t'ap mache pou’l men-nen pitit li lekòl. Alòs, nou lanse apèl bay tout lidè fanmi Lavalas yo, ki se pati kap apiye prezidan Aristide la, pou pran distans yo ak doktrinn vyolans ak kriminalite pati sa a, e ko-opere ak gouvènman pwovizwa peyi a.”

Mesye Boucher kontinue pou’l di: gouvènman pwovizwa prezidan Boniface Alexandre ak premye minis Gérard Latortue ap dirije a reprezante meyè espwa pou Ayiti fè pwogrè:

“Lèzétazini pral kontinue travay avèk yo ansanm ak Nasyon Zini pou rekonstwi epi fè refòm nan polis nasyonal ayisyèn nan, dekwa pou yo kapab mete lòd ak sekirite pou pèp Ayiti a. E, anmèmtan, nou panse ke fòs stabilizasyon LONU an pral kapab pwoteje pèp ayisyen an, e ke kapasite pou yo aji nan sans sa a pral ogmante nan jou ak semèn kap vini yo.”

Pòtpawòl depatman deta a fini pa di: Ansyen prezidan Aristide ta dwe fè aktyèl patizan ak ansyen patizan li yo konnen aklè yo fèt pou abandone zak vyolans epi yo fèt pou yo ko-opere ak nouvo gouvènman an.

Klike sou lyen anlè a pou w tande opinyon Etazini sou Ayiti.

XS
SM
MD
LG