Accessibility links

Breaking News

Imigran ki Poko Gen Bonjan Dokiman Ozetazini Dwe Pran Prekosyon Pou yo pa Viktim Frod Rezidans - 2004-10-20


Imigran ki poko gen bonjan stati imigrasyon ozetazini konn viktim anba-men moun ki pwofite eksplwate iyorans yo pou pwomèt yo kat rezidans. Se sa nou pral wè nan Justice USA avèk avoka imigrasyon Carlo Jean-Joseph nan Miami eta Florid. Ronald César ap swete nou byen veni nan Justice USA sou Lavwad’lamerik isit Washington.

Imigran ozetazini konn fè fas ak anpil pwomès pou kat rezidans sitou si yo pa byen enfòme. Pafwa konn gen yon pwopozisyon ki fèt sou kesyon imigrasyon, tankou sa ki te fèt nan kòmansman mwad janvye 2004 la. Pou kounye a, otorite yo pa trò pale de pwopozisyon sa a ankò. Sepandan, gen imigran ki ka poko byen konprann sa.

Avoka Carlo Jean-Joseph, ap di nou kijan imigran ozetazini ka fè diferans ant yon vrè program rezidans ak lòt pwomès ki pa ta trò ann akò ak reyalite a. Avoka Jean-Joseph di nou pou kounye, pa genyen okenn pwogram amnistis k’ap bay rezidans ozetazini.

Klike sou lyen anlè a pou w tande entèvyou ak avoka Carlo Jean-Joseph la.

XS
SM
MD
LG