Accessibility links

Breaking News

Etazini-Eleksyon: Kandida yo Ap Ogmante Atak yo - 2004-10-19


Se premye eleksyon prezidansyèl kap fèt Ozetazini depi atanta teroris 11 septanm 2001 yo e, nan pwen dout sou sa, evènman trajik sa a kite mak li sou deba politik la. Se vre, tanzantan, kandida yo vire atansyon yo sou tèm lokal ak nasyonal, soti nan enpo pou rive nan edikasyon. Men yo toujou retounen sou dosye sekirite nasyonal ak lit anti-teroris la. Yè lendi a, kandida repibliken an te nan New Jersey, yon eta ki tradisyonèlman anfavè demokrat, men kote kous la plizoumwen sere ane sa a.

George W. Bush di, “E nan moman sa a kote nou gen pou n’chwazi, mwen ta renmen tout Ameriken konnen nou kapab konte sou mwen pou konbat lènmi n' yo e defann libète nou.”

Msye Bush akize Senatè Kerry kòmkwa li papral pran mezi ki nesesè pou sekirite Lèzetazini. Yon fwa ankò, li te tabli yon koneksyon ant lagè kont terorism ak lagè Irak la.

Li di, “Advèsè mwen an finalman fikse sou yon plan batay, yon strateji pou li bat an retrèt. Li pale de kalandriye atifisyèl pou wetire twoup nou yo ann Irak. Li voye yon siyal ki di prensipal objektif ameriken nan Irak se kite peyi sa a menmsi misyon nou pa fin akonpli.”

Bò kote pa li, Senatè John Kerry pale de retou twoup amerikèn yo se vre, men li deklare sa pap fèt toutotan kondisyon yo pa reyini. Nan kèk "meeting" nan Florid, msye Kerry akize Bush dèske li te prese al’ fè lagè san li pat gen yon plan pou li pwoteje lapè e li te meprize gwo kòmandan nan lame amerikèn nan ki te reklame plis sòlda ak ekipman pou misyon an.

Men pawòl msye Kerry: “Mwen pap janm voye sòlda nou yo nan sitiyasyon danje san yo pa gen pi bon antrènman ak pi bon ekipman ki egziste. E mwen pap janm kite idewològ pran politik peyi a ann otaj, tandiske bon konsèy pwofesyonèl k'ap dirije lame a nou pa okipe yo.”

Nan vil Tampa, kandida demokrat la di prezidan Bush twonpe pèp ameriken an.

John Kerry di, “twoup nou yo merite laverite, pèp ameriken an merite laverite, e nou merite yon nouvo kòmansman ak yon nouvo lidè ki merite konfyans, avèk kapasite pou nou reyisi ann Irak.” John Kerry pale konsa pandan elektè nan Florid yo te kòmanse ap depoze bilten, 2 semèn anvan dat ofisyèl eleksyon an. Vrèman vre, Florid se youn pami plizyè eta ki pèmèt sitwayen yo vote anvan lè, an pèsòn, san konte sila yo k'ap vote pa-la-pòs kòm dabitid, paske yo pap ka fè l' nan jou vòt la.

XS
SM
MD
LG