Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Afrik di Sid la Demanti Li Pèmèt Jn-Bertrand Aristide Sèvi ak Peyi li pou Oganize Zak Vyolans Ann Ayiti - 2004-10-18


Gouvènman Afrik di sid la rejte akizasyon gouvènman ayisyen an fè kòm kwa prezidan dechi ayisyen, Jean-Bertrand Aristide, ap òganize vyolans ann Ayiti pandan l’ap viv ann ekzil an Afrik di Sid.

Nan yon deklarasyon gouvènman sid afriken an pibliye nan Pretorya, responsab yo rejte akizasyon yo, menm lè yo pa bay deklarasyon gouvènman ayisyen an okenn enpòtans.

Afrik di sid fè deklarasyon sa a, yon jou apre premye Minis Gérard Latortue te lanse akizasyon an sou yon radyo Britanik.

Msye Latortue te deklare gouvènman Thabo Mbeki a vyole lwa entènasyonal, si l ta pèmèt ansyen lidè ayisyen an sèvi ak teritwa l pou l ankouraje zak vyolans nan peyi d’Ayiti.

XS
SM
MD
LG