Manifestasyon ak zak vyolans dewoule vandredi 15 oktòb 2004 la ant fòs polis yo ak patizan Lavalas yo nan katye popilè anba lavi’l Pòtoprens, nan moman patizan prezidan dechu Jean-Bertrand Aristide yo ap komemore dizyèm anivèsè retou li sou pouvwa a, an 1994.
Magazen nan plizyè vil peyi a, pami yo kapital la, Pòtoprens, te fèmen pòt yo pou pwoteste kont 2 semèn zak vyolans ki pran lavi anviwon 50 moun nan peyi a.
Otorite yo lage responsablite pifò zak vyolans yo, pami yo lanmò 3 polisye ki mouri dekapite, sou do manifestan k’ap egzije retou ansyen chèf deta ayisyen an.
Vandredi aprè midi, nou antre an kontak ak korespondan nou nan Pòtoprens, Rotchild Francois Junior pou dènye detay yo.
Klike sou lyen anlè a pou w tande konvèsasyon te fè ak Rotchild la.