Accessibility links

Breaking News

Prezidan Bush ak Konkiran Demokrat li a, John Kerry, ap Fè Dènye Deba yo Mèkredi Swa vè 9 vè  - 2004-10-13


Pati Demokrat ak Pati Repibliken an espere deba sa a va konvenk elektè ki poko deside yo pou yo vote pou kandida pa li a nan eleksyon 2 novanm 2004 yo.

Prezidan Bush (kandida pati Repibliken an) ak senatè Kerry, k’ap rankontre mèkredi swa a nan TEMPE, Eta Arizona, twouve yo nan yon kouss trè sere, dapre sondaj opinyon yo.

Analis politik yo di plizyè dizèn milyon elektè konte gade deba a (ki dwe dire 90 minit) nan televizyon--yon deba ki pral santre sou kesyon ki konsène politik enteryè Lèzetazini ak eta ekonomi amerikèn nan.

2 premye deba yo te chita pou pi fò sou sitiyasyon an nan peyi Irak.

XS
SM
MD
LG