Accessibility links

Breaking News

Zak Vyolans Kontinye fè Plis Viktim nan Pòtoprens  - 2004-10-12


3 moun pou piti mouri nan echanj kout zam ki dewoule nan kapital peyi d’Ayiti a, Pòtoprens, kote gang ame ki rete fidèl ak prezidan egzile a, Jean-Bertrand Aristide, te pran lari lendi semèn sa a.

Pandan jounen an, twoup mentyen lapè l’ONU ak lapolis ayisyèn ki tap patwouye lari yo nan machin blende, te twoke kout zam ak nèg ame yo.

Sou dosye vyolans la nan Pòtoprens, korespondan nou Rotchild François Jr. di nou lapolis deja fè plis ke 130 arestasyon, daprè chif li resevwa nan men minis Jistis ayisyen an, Mèt Bernard Gousse.

XS
SM
MD
LG