Accessibility links

Breaking News

Prezidan Bush ak Kandida Demokrat Pou Pòs Prezidan an, John Kerry, Ap Fè 2è Deba yo a 9 vè di Swa Vandredi 8 Oktòb 2004 la - 2004-10-08


Televizyon ap retransmèt deba sa a a travè peyi a. 2 kandida yo pral reponn kesyon kèk votan ki poko deside pou ki kandida yap vote nan eleksyin 2 novanm yo.

Deba sa a pral fèt nan eta Missouri. Pami pwen yo pral diskite yo, genyen sitiyasyon an nan peyi Irak, lagè kont terorism la, djòb, tax ak swen-sante.

Plizyè analis fè konnen Msye Bush pral adopte yon konpòtman a la defansiv, aprè li te resevwa anpil kritik pou pèfòmans li nan deba semèn pase a (premye deba ant kandida a la prezidans yo).

Msye Bush pral a la defansiv tou poutèt move nouvèl kap sòti nan Irak yo, poutèt lap bese nan sondaj yo e poutèt yon rapò ki parèt jodi a e ki di gen mwens djòb ki kreye ozetazini mwa pase a, konpare ak sa analis yo te atann.

Dènye deba prezidansyèl la, ki pral santre sou politik enteryè Etazini, pral fèt mèkredi 13 oktòb kap vini an.

XS
SM
MD
LG