Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Lapolis Touye kèk Bandi ak Zam ki T'ap Tire sou yo nan Pòtoprens; Nouvo Sekretè Jeneral OEA Bay Demisyon l nan Kad yon Skandal Koripsyon nan Pwòp Peyi li - 2004-10-08


Sekretè-jeneral Òganizasyon Eta Ameriken an, OEA, Miguel Angel Rodriguez bay demisyon li, 2 semèn apre’l te antre an fonksyon.

Miguel Angel Rodriguez demisyonnen jodi vandredi a nan mitan yon eskandal koripsyon ki remonte depi’l te prezidan peyi Costarica. Demisyon li an tonbe kèk jou apre aktyèl prezidan kostariken an, Abel Pacheco, te mande msye Rodriguez remèt demisyon li pou’l vinn reponn akizasyon ki di li te resevwa lajan nan men jeyan kominikasyon fransè a, ALCATEL.

Konpayi kominikasyon sa a te benefisye yon seri gwo kontra nan peyi Costarica nan epòk msye Rodriguez te prezidan peyi latino-ameriken-an ant 1998 pou rive nan ane 2002.

Lapolis nan Pòtoprens touye ak kout zam plizyè bandi ak zam ki di yo se Lavalas e ki t'ap fè yon echanj kout zam ak lapolis.

Premye minis provizwa ayisyen an, Gérard Latortue, deklare troup mentyen lapè Nasyon Zini yo ap fè pwogrè nan lit pou stope zak vyolans yo ann Ayiti.

Pandansetan, gouvènman an pran desizyon bloke fon palman an ki te konn peye senatè konteste lavalas yo.

Ann Ayiti toujou, Fwon Pou Rekonstriksyon Nasyonal la manifeste volonte pou ede gouvènman an fè fas ak zak vyolans kap simen dèy nan peyi a.

Klike sou lyen anlè a pou w tande detay nouvè Ayiti yo pou vandredi 8 oktòb 2004 la.

XS
SM
MD
LG