Accessibility links

Breaking News

Kandida pou Vis-Prezidans la Boukante Atak Sou Irak ak Ekonomi an - 2004-10-07


Irak ak ekonomi amerikèn nan, se 2 tèm ki te domine deba televize kandida pou vis-prezidans la, Dick Cheney ak John Edwards, madi swa. Se sèl grenn deba 2 zòm yo ap fè pandan kanpay elektoral la, tandiske Prezidan Bush ak Senatè Kerry ap fè 3 deba antou.

Pandan 90 minit, nan vil Cleveland (Ohio), Dick Cheney ak John Edwards te defann e fè lwanj pou patnè yo nan kous la.

Senatè John Edwards akize Vis-Prezidan Dick Cheney dèske li pa onèt ak pèp ameriken an sou sa msye Kerry rele “gagòt Irak la” ak efò administrasyon repibliken an kontinye ap fè pou tabli yon lyen ant lagè a ak atak teroris ki te fèt nan New York ak Washington yo. Senatè Kawolin di Nò a te pase alatak tou sou kesyon ekonomi an.

Men Vis-Prezidan Dick Cheney te reponn kif-kif pou li fè konprann ekonomi amerikèn nan ap repran pye, e plizyè milyon Ameriken benefisye nan rediksyon enpo gouvènman Bush la te pwopoze yo.

Sondaj yo depaman sou rezilta deba sa a. CBS bay Edwards venkè ak yon maj 13-pousan, pami elektè endesi yo. Men, gen lòt chèn ki anrejistre yon rezilta swa anfavè Cheney, swa ki mete 2 zòm yo egal-ego. Analis yo fè konnen deba ant kandida pou vis-prezidans la pi enpòtan ane sa a, akòz sondaj ki fè wè kous la sere anpil ant Prezidan Bush ak Senatè Kerry, sitou apre kandida demokrat la te genyen premye deba televize a, jedi pase a, nan Miami. Pwochen deba Bush-Kerry a fikse pou vandredi swa nan Washington University, ki nan vil St-Louis, nan eta Mizouri. Dènye deba a ap fèt nan vil Tempe, nan eta Arizona, nan dat 14 oktòb.

XS
SM
MD
LG