Accessibility links

Breaking News

Efò Sekou yo Ap Pwogrese Nan Gonayiv Malgre Difikilte - 2004-09-28


Ajans sekou yo fè konnen gen pwogrè ki fèt nan peyi dAyiti 10 jou apre dezas inondasyon Tanpèt Twopikal Jeanne te provoke e ki touye apeprè 2 mil moun, san konte anviwon 200 mil lòt ki san kay pou yo rete.

Yè lendi a, sòlda L’ONU kap mentni lapè nan peyi a, ak travayè misyon imanitè yo ki gen apwi Nasyonzini, te mete sou pye kèk nouvo sant distribisyon pou bay pwovizyon prese-prese. Men otorite yo di efò sekou yo toujou gen difikilte akòz gang kap vòlè konvwa asistans yo nan vil Gonaïves.

PAM (ki vle di Pwogram Alimantè Mondyal) anonse ke plis pase 120 tòn manje deja rive nan Latibonit e chak jou yo pral bay 40 tòn. Men se sèlman yon dizyèm nan populasyon an (kidonk yon moun sou 10) ki resevwa èd la jiskaprezan. Manke medikaman tou nan zòn Gonayiv kote anpil dlo kontamine. Yon responsab L’ONU pale de maladi dyare ak gangrèn ki kòmanse ap frape anpil timoun e nan kèk ka medsen yo oblije fè operasyon san anestezi. Otorite lokal yo gen pwojè mande yon pòsyon nan popilasyon Gonayiv la evakye, kite vil la, pou yo ka tanmen operasyon netwayaj yo.

XS
SM
MD
LG