Accessibility links

Breaking News

Pap Jan-Pòl II Lanse Yon Apèl Pou Ayiti Jwenn Asistans Prese-Prese - 2004-09-27


Sekouris yo an Ayiti ap travay di pou yo pote sekou bay plizyè milye viktim nan zòn Nò, Nòdès ak Nòdwès peyi a, apre pasaj Tanpèt Twopikal Jeanne. Responsab Nasyonzini yo depeche sou plas anviwon 140 polisye Urugweyen ki pral ede militè Ajanten ki kantone nan Gonayiv, kote nou jwenn pi fò viktim yo. Korespondan nou Jean Max Blanc sot pase dezoutwa jou jou nan vil sa a. Klike sou lyen anlè atik sa a pou w'ka tande kòmantè li yo. Wa tande tou repòtaj korespondan nou Jn-Ernst Eliscar, ki nan vil Okay, kote evèk ayisyen yo mande tout fidèl yo patisipe, dimanch 3 oktòb la, nan kotizasyon k'ap fèt anfavè viktim Tanpèt Twopikal Jeanne yo.

XS
SM
MD
LG