Accessibility links

Breaking News

Prezidan Bush Deklare Florid Yon Eta Ki Nan Gwo Dezas - 2004-09-27


Prezidan George W. Bush deklare eta Florid yon eta ki sibi yon dezas ekstwòdinè, aprè 4 siklòn fin pase sou li youn aprè lòt. Avèk deklarasyon sa a, eta Florid kalifye pou li resevwa lajan federal prese-prese ak asistans sekou pou abitan yo ak biznis yo. Msye Bush pran desizyon an byen ta yè dimanch la, nan moman siklòn Jeanne tap pase sou pati santral Florid, sètadi menm rejyon kote siklòn Frances te frape sa gen 3 semèn sèlman an. Pou plis detay sou sa Jeanne fè nan Florid, klike sou lyen ki anlè atik sa a. Wa tande repòtaj korespondan nou Yves Mompremier, ki nan vil Orlando, ak yon konfrè [Oscar Dartaillant] ki nan vil Fort Myers.

XS
SM
MD
LG