Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Donatè Entènasyonal yo Ofri Plizyè Milyon Dola Pou Ede Viktim Inondasyon yo Epi Pou Rebati Vil Gonayiv - 2004-09-26


Nan peyi dAyiti, anviwon 140 sòlda Urugweyen ale nan vil Gonayiv pou ajoute sou yon afè de 600 gadyen d'lapè ki te deja nan zòn nan. Militè entènasyonal yo ap eseye mentni lòd e fè respekte lalwa nan moman abitan yo dezespere nan chache asistans, apre ravaj tanpèt twopikal Jeanne fè nan Gonayiv. Gang ak zam nan men yo kontinye ap entimide popilasyon an ak anplwaye misyon imanitè yo e pifò manje dirijan yo voye nan Gonayiv paka distribye akòz klima sekirite a ki pa bon.

Pandansetan, konferans peyi donatè yo sot' fè nan kapital la, Pòtoprens, ak gouvènman ayisyen an, apwouve plizyè milyon dola asistans ki dwe dekese rapido-presto pou viktim inondasyon yo, non sèlman nan Gonayiv, men tou nan zòn Mapou. Pou plis detay, koute repòtaj korespondan nou Jean Pierre leroy, ki te suiv konferans la pou Lavwa d'lamerik.

XS
SM
MD
LG