Accessibility links

Breaking News

Kondisyon Sekirite yo Pa Bon Pou Kanpay Elektoral la Koumanse Ann Ayiti. - 2004-09-16


Nan Sid peyi dAyiti kandida ki ta renmen patisipe nan pwochen eleksyon yo deklare kondisyon yo poko reyuni pou gen yon kanpay elektoral. Pandan Konsèy Elektoral Pwovizwa a kòmanse ap mete sou pye enfrastriktu pou dewoulman pwochen eleksyon yo, zak vyolans gwoup ame ap komèt preske toupatou atravè peyi a, fè anpil ayisyen ki gen enterè nan kesyon an ap mande eske kanpay elektoral la pral kapab demare nan klima sa a. Se jisteman kesyon sa a yon kandida ap poze nan rejyon Aux Cayes, nan sid Ayiti. Jean Ernest Eliscar te gen okazyon rekeyi deklarasyon notab sa a.

Ale sou lyen anlè atik la pou n' koute korespondans Eliscar la.

XS
SM
MD
LG