Tout 14 Rejyon Administrativ nan Jamayik yo (sa yo rele "Parish" yo) frape pandan pasaj ouragan Ivan. 19 moun pèdi lavi yo e gen anpil kay ak lòt pwopriyete ki detwi nèt. Mwatye nan tout wout yo enpratikab, dapre responsab Depatman Transpò Piblik yo. Korespondan nou Gillian Haughton te fè yon vire-won nan kapital la, Kingston, lendi maten, pou li konstate eta sitiyasyon an. Koute repòtaj li a pou detay.