Siklòn Ivan, ki nan kategori 4 (prèske kategori 5) koze anpil dega materyèl ak inondasyon nan zile Kayiman yo, e li ta ka rive nan lwès Kiba demen lendi a. Michael Formosa ki se yon meteorològ nan Miami di ouragan-an pote van kap soufle sou yon distans 145 kilomèt ak sant li, kidonk tout zòn nan Kiba ki ta touche pral sibi gwo dega.
Otorite nan Florid yo dekrete yon evakyasyon obligatwa pou Key West ak Key Largo e yo avèti abitan sou kot Wès la pou yo respekte tout avi responsab yo fè soti. Gouvènè Jeb Bush di eta Florid prè pou Ivan.
Pandansetan, Jamayik ap fè bilan pasaj siklòn nan. Premye-Minis P.J. Patterson deklare dimanch apre-midi nan yon konferans-pou-laprès gen omwen 19 moun ki mouri. Li fè konnen tou ke Venezuela ap voye yon ekip nan Jamayik pou wè ki asistans li ka bay il la. Premye-Minis Trinidadyen an ap rive Jamayik anvan lontan. Efò sekou sou pye, anba kowòdinasyon Lakwa Wouj, dapre yon korespondans Gillian Haughton, depi Kingston.
Anvan Ivan te rive Jamayik, li te jete anpil lapli sou rejyon Sidès, Sid, ak Sidwès Ayiti, e menm nan Latibonit ak Nòdwès, sepandan nouvèl pa rapòte okenn ka lanmò.
Klike sou lyen anlè atik sa a, pou plis detay sou siklòn nan.