Delagasyon OEA kap vizite depi 2 jou Ayiti a eksprime kè sote li devan gwoup ame kap fè lalwa nan plizyè rejyon peyi a e’l ekzòte gouvènman pwovizwa ayisyen an mete kontwòl sou eleman sa yo. Prezidant delegasyon, Carmen Marina Gutierrez, mande gouvènmman pran mezi nesesè pou li afwonte pwoblèm dezameman gwoup ame yo (yon pwoblèm fondamantal, li di)ki menase libète sitwayen yo ak stablite gouvènans Ayiti.
Koute sou lyen anlè atik la repòtaj Rotchild François Jr. sou deklarsyon delegasyon OEA a fè Ayiti a.