Ameriken toupatou sonje evènman trajik 11 septanm 2001 an, ki te plonje nasyon an nan dèy e ki te reveye konsyans dirijan yo sou dimansyon menas teroris la. Paj Relijyon an mande Direktè Sant Nasyonal Apostola Ayisyen an, Msgr. Guy Sansaricq, ede nou reviv moman sa a epi tire leson li kite pou abitan New York yo ak tout sosyete nou an, an jeneral.