Accessibility links

Breaking News

Kontenjan Ajanten nan Fòs Nasyonzini ki Ayiti yo Tire Kout Zam Anlè Pou Kwape Militè Demobilize - 2004-09-08


Sòlda Ajanten ki fè pati fòs mentyen lapè Nasyonzuni ki Ayiti yo kwape militè demobilize ki te pran yon lopital nan vil Sen-Mak kòm katye-jeneral Lame a.

Yon lòt kote, nan Depatman Sidès ak nan Depatman Sud Ayiti, otorite lokal yo ap fè preparasyon pou pwoteje popilasyon an sizoka siklòn IVAN ta frape 2 Depatman sa yo. Renan Toussaint ak Jean Ernst Eliscar ap devlope (youn apre lòt) 2 pwen sa yo nan yon korespondans depi vil Port-Au-Prince ak nan vil Les Cayes. Apre sa, Daly Valet va vini ak dènye devlopman ki tonbe nan koumansman apre midi mèkredi 8 septanm nan sou evolisyon Ivan, kap deplase nan direksyon wès nan pati oryantal rejyon Karayib la.

Ale sou lyen ki anlè atik la pou n' koute pwen sa yo, avèk Cherubin Dorcil, Galillee Perilus, Renan Toussaint, Jean Ernst Eliscar ak Daly Valet.

XS
SM
MD
LG