Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Chinwa a Lanse Yon Kanpay Kont Pònografi Sou Entènèt - 2004-09-07


Jiyè 2004 se dat kote Prezidan Hu Jintao te pase Polis la lòd pou li fè respekte tout lwa sou pratik dekòlte nan domèn enfòmatik la. Rezilta a se sa media lokal yo rele “lagè kont pònografi sou twal la, sou web la. Nan 2 premye semèn kanpay sila a, gouvènman an fè konnen li te fèmen yon afè de 700 sit Web e poze arestasyon plis pase 300 moun. Apre sa, gouvènman chinwa a te menase pou li pwononse santans prizon-a-vi kont operatè sit dekòlte yo si sit sa yo anrejistre omwen 250-mil vizit.

Lachin gen anviwon 87-milyon entènot, e mwatye nan yo gen 24 an si yo pa pi jèn toujou. Jiang Yaoping, ki Sou-Direktè nan Ministè Enfòmasyon peyi Lachin, di “gen yon gwo kantite enfòmasyon ki pa kòrèk sou Entènèt la, enfòmasyon ki detwi sante mantal jenès la, ki afekte seryezman kwasans nòmal jèn yo e ki soulve kè-sote ak gwo ensatisfaksyon nan divès sektè sosyete a.”

Aksyon kont kliyan Entènèt nan Lachin toujou parèt sispèk akòz efò otorite yo pou yo mete baboukèt sou sila yo ki vle sèvi ak teknoloji sa a pou soufle van kontrè kont rejim kominis la. Dapre gwoup entènasyonal k’ap defann dwa moun, omwen 63 cyber-disidan te nan prizon nan Lachin nan mwa out 2004. Kèk analis krenn pou Peken pa pran kanpay anti-pònografi a sèvi dra pou maske baboukèt li vle mete sou opozan yo epi kontwole mwayen kominikasyon yo plis toujou.

Koute repòtaj nou an pou plis detay.

XS
SM
MD
LG