Accessibility links

Breaking News

Siklòn Frances fè Premye Viktim li nan Nassau, Bahamas - 2004-09-03


Vandredi, Ouragan an, ki trè vyolan, kontinye ap sakaje Bahamas e li menase pou l frape tou vil Freeport.

Isit Ozetazini, sèvis Nasyonal Meteo a anonse siklòn Frances sibi yon bès tou piti nan entansite l, men gen posibilite pou l reprann fòs avan li frape tèritwa ameriken an. Spesyalis meteo yo prevwa siklònn Frances ap frape Florid demen samdi a. Nan Eta Florid, otorite yo bay lòd pou 2 milyon 500 mil moun evakye rezidans yo.

Kominote Aysyèn nan, nan Florid, pran avèstisman otorite yo o serye e yo kòmanse deplase kite kay yo, daprè Oscar Dartagnant, yon jounalis ayisyen nan Fort Myers. Kolaboratè nou, Daly Valet, te pale avèk li. Klike sou lyen anlè a pou w tande entèvyou ak Oscar Dartagnant an.

XS
SM
MD
LG