Accessibility links

Breaking News

Senatè John Kerry Reyaji Tousuit Apre Diskou Prezidan an - 2004-09-03


Kandida Demokrat la, John Kerry, lanse jodi vandredi a yon kanpay piblisite k'ap koute plizyè milyon dola, nan eta kote majorite elektè yo endesi jiskaprezan. Youn nan eta sa yo se Ohio, kote Senatè Kerry te reyaji yè swa byen ta sou kritik lidè Repibliken yo sot’ lanse sou li nan Konvansyon New York la.

Se pa yon abitid, Ozetazini, pou yon kandida fè kanpay pandan konvansyon pati advès la, men Msye Kerry te deside li nesesè pou li riposte kif-kif, apre diskou Prezidan Bush nan Konvansyon Pati Repibliken an. Klike sou lyen anlè tèks sa a pou n'tande yon pati nan deklarasyon Senatè a.

XS
SM
MD
LG