Vis-Prezidan ameriken an, Dick Cheney, se te youn nan vedèt twazyèm sware Konvansyon Nasyonal Pati Repibliken an nan Madison Square Garden, New York.
Msye Cheney di, "Msye Prezidan Konvansyon an, nou menm delege yo, envite, ak tout pèp ameriken an, mwen aksepte nominasyon pou pòs Vis-Prezidan an. Apre sa li te pwononse yon diskou kote li te eseye plase eleksyon 2 novanm 2004 la nan yon kontèks istorik epi drese pòtre yon John Kerry ki pa merite konfyans elektora a.
Vis-Prezidan an te mete aksan tou sou kapasite li wè George Bush genyen pou li dirije nasyon amerikèn nan pandan katran ankò.
Li deklare, “Prezidan nou an konprann mirak gwo peyi sa a. Li konnen espwa ki anime l' e li pataje optimism ki enpòtan depi lontan pou karaktè nasyon an. Chak maten l’leve ak detèminasyon pou li kenbe gran nasyon nou an an sekirite, yon fason pou pitit ak pitit-pitit nou yo ka fè eksperyans libète ak opòtinite nou te jwenn, e menm plis toujou.”
Nan twazyèm sware Konvansyon Repibliken an, se yon Demokrat ki te lanse atak pi sevè a sou kandida Pati Demokrat la. Zell Miller, ki reprezante eta Jòji nan Sena a, kalifye Kerry kòm yon politisyen woule-m-de-bò, yon lidè ki pa kanpe sou anyen k’solid.
Sen. Zell Miller apiye kandida Repibliken an e li pat met’ dlo nan bouch li pou li kritike demokrat John Kerry, yè swa, nan New York.