Accessibility links

Breaking News

Siklòn Frances Ap Vanse Sou Eta Florid - 2004-09-02


Nan Miami, kote popilasyon an te sibi gwo dega sa gen 12 an nan siklòn Andrew, abitan yo ap pran prekosyon yo. Anfèt, moun sou tout lakòt la ap pran prekosyon, soti Miami rive jis Daytona Beach. Frances te nan kategori 4 jedi maten. Edline Daux, ki travay nan Depatman Polis Miami, di nou preparatif ap fèt e abitan yo menm ap konsidere evakye, si sa ta nesesè.

Se pa san rezon moun nan Miami ap prepare yo: non sèlman yo sonje sa siklòn Andrew te fè, men dega Frances nan Bahamas bay yon ide sou sa li ta ka fè si li pase nan Florid.

XS
SM
MD
LG