Se yon bagay ki pa abitye fèt pandan konvansyon nasyonal yon pati pou kandida pati advès la swa ap mennen kanpay, swa ap fè gwo parèt nan media yo. Ebyen, mèkredi 1e septam nan, John Kerry, te deside reponn envitasyon yon konvansyon ansyen sòlda nan Tennessee, kote li kritike Prezidan Bush, sitou sou kesyon Irak la.
Senatè John Kerry kritike Msye Bush tou poutèt li te woule m de bò sou kesyon pou konnen èske Etazini ka ranpòte lagè kont teroris yo. Anvan kritik lidè Demokrat la, Prezidan Bush te chanje langaj pou l’di se yon gè yo kapab ranpòte.