Accessibility links

Breaking News

Premyè Dam Etazini an ak Gouvènè Kalifòni an Chante Lwanj Prezidan Bush - 2004-09-01


Delege kap patisipe nan Konvansyon Nasyonal Pati Repibliken an nan New York nonmen ofisyèlman Prezidan George W. Bush kòm kandida pati a pou eleksyon 2 novanm nan. Vòt la fèt nan dezyèm jou konvansyon an. Pami oratè ki te moute sou podium nan, gen 2 ki te jwenn plis atansyon. Dabò, aktè e gouvènè Arnold Schwarzenegger.

Menmsi Gouvènè Schwarzenegger pa dakò ak Prezidan Bush sou anpil kesyon, sa pat anpeche li ofri yon apui san rezèv pou re-eleksyon lidè repibliken an.

Lòt gran oratè sware a se te Premyè Dam Etazini an, Laura Bush.

Madan Bush di, "Jenerasyon paran nou yo te konfwonte tirani, rejim gwo ponyèt, e yo te libere dè milyon moun. Tandiske n'ap fè fas ak menas jounen jodi a, ki se yon travay difisil, nou ka fyè dèske 50-milyon gason, fanm ak timoun, ajoute sou sila yo ki tap viv nan libète, e se granmesi Etazini ak alye li yo.”

XS
SM
MD
LG