Accessibility links

Breaking News

Vis-Prezidan Cheney Pral Pale Nan Twazyèm Sware Konvansyon an - 2004-09-01


Konvansyon Nasyonal Pati Repibliken an ap kontinye jodi a ak plizyè diskou, pa egzanp diskou Vis-Prezidan Dick Cheney. Madanm ni, Lynne Cheney gen pou li pran lapawòl tou. Madan Cheney di televizyon CBS li-menm ak mari li pa pale nan non gouvènman an sou kèk kesyon, pa egzanp maryaj omoseksyèl.

Li di se prezidan an ki tabli liy politik administrasyon an. Tout moun ki nan sal sa a pa toujou dakò sou tout bagay, menm jan m’sispèk demokrat yo nan Boston pat dakò sou tout bagay. Men nou ini pou n’di: "Dick Cheney ak George Bush merite yon lòt manda katran."

Kouman atmosfè jeneral la ye nan New York jodi a, se sa "envoyé spécial" nou Jean Lyonel Desmarattes di nou nan yon repòtaj depi Madison Square Garden, New York. Klike sou lyen anlè atik sa a pou w' koute l'.

XS
SM
MD
LG